Tuesday, December 21, 2010

Dr. Jean-Bertrand Aristide - Bòn Ane 2011

Bòn Ane 2011


Sè m, Frè m,

Se toujou nan menm lespri MEM AMOU an,

Minouche avè m salye w, anbrase w fratènèlman,

E swete w ak tout kè nou yon BON ANE 2011.



Plis pase 300.000 pitit tè d Ayiti ta renmen la,

Byen vivan, pou wè ane 2011 la menm jan avè n.

Domaj!Yo menm ak lòt Sè n, Frè n ki peri anba

Sikòn Toma ou maladi kolera a deja konte pami

56 milyon moun ki mouri pandan ane 2010 sa a.



Pandan klòch Bòn Ane 2011 la ap karyonnen,

Nou sonje yo e n swete tout lòt viktim kap soufri

Lakay ou aletranje: Anpil kouraj! Anpil kouraj!



Pèmèt nou ofri w yon gwo bouke flè remèsiman

Pou tout bèl souwè nou resevwa yo san bliye

Kokenn chenn solidarite-fratènite 15 Jiyè 2010 la.



Nan lonbraj Tousen Louvèti, Jan Jak Desalin,

Ak Zansèt nou yo, m swete tout sa ki bon pou

Moun ki gen po nwa kòm pou moun po blanch.


An palan de koulè po, divès ekriven tankou

Robin Walker ou H.G. Spearing rapote kijan,

Lontan, anpil atis Grèk te renmen pentire

Po gason ak koulè nwa e po fi ak koulè blan.



Nan admire bèl kout penso sa yo,

Konn gen Grèk ki pat ka sispann di:

πολύ καλά, άριστα! ευχαριστώ πολύ!

Trè byen, ekselan! Mèsi bokou !



Depi 2004, nouvo kolon yo ap pentire figi

Nou tout ki Ayisyen ak labou imilyasyon.

Jiskaprezan, minorite ki ekskli majorite a

Poko janm ka admèt ke li fè yon erè grav

Lè l aksepte koupe branch li chita sou li a.



Plis figi Ayiti pran kout tiwèl labou,

Se plis minorite a di nouvo kolon yo

Anba anba sa Grèk yo tap di byen fò:

πολύ καλά, άριστα! ευχαριστώ πολύ!

Trè byen, ekselan! Mèsi bokou !



Nou poko menm ka retire très cheve Manman Ayiti

Anba dekonm goudougoudou 12 Janvye 2010 la,

Nou gen tan retrouve n anba dekonm 2 kalite kolera :

1-Yon kolera kolon ki ta soti nan dlo kontamine Minista

2-Yon kolera politik ki soti nan dlo eleksyon-seleksyon.



Pou òganize kolera politik sa a, fo zanmi Ayiti yo

Depanse 30 milyon dola vèt, san bliye 5 milya dola

Ki deja depanse pou Minista pandan 6 dènye ane yo.

Nenpòt ki moun ka wè ki kantite kay, lopital, lekòl,

Lajan gaspiye sa yo ta gentan bati pou viktim yo.



Ekslizyon Fanmi Lavalas se eksklizyon majorite a.

Se pa etonan si n debouche sou yon katastwòf politik

Ki antere Ayiti pi fon toujou anba dekonm 12 janvye yo.



Pwoblèm nan se eksklizyon, solisyon an se enklizyon.

Mennen koulèv lekòl seleksyon se youn, fè l chita se de.

Pwoblèm nan se eksklizyon, solisyon an se enklizyon.

Gran moun pa monte chwal bwa dèyè kòbya seleksyon.



Pwoblèm nan se eksklizyon, solisyon an se enklizyon,

Enklizyon majorite a nan eleksyon lib, onèt e demokratik

Pou tout Ayisyen san distenksyon soti anba kolera politik.



Sè m, Frè m,

Jan nou tout ka konstate l, tren eksklizyon ki deraye a,

Plis 2 kalite kolera sa yo ogmante strès popilasyon an

Ki te deja ap viv anba twòp strès depi tranbleman tè a.

Strès sa a se yon pwazon envizib kap opere an silans.



Pwazon envizib sa a merite yon atansyon espesyal

Paske dega li fè an silans se twòkèt la, chay la dèyè.

Twòp strès pandan twò lontan ka fasilite kriz kadyak,

Strok, diabèt, tansyon, ilsè lestomak, twoub memwa…



Anpil viktim 12 Janvye ap naje pou sot nan strès.

Lè yon moun ap viv nan kondisyon strès sa yo,

Kò w gen mwens fòs pou reziste kont mikwòb.

Laboratwa nouvo kolon yo konnen sa trè byen.



Ni kolera kolon ki ta soti nan dlo kontamine Minista a,

Ni kolera politik ki soti nan dlo eleksyon-seleksyon an

Tonbe nan yon teren ki te deja minen ak pwazon strès.



Lè yon moun strese anpil, ren w travay plis pou

Founi adrenalin ak divès lòt òmon tankou kòtizòl.

Egzanp: chak ti tranbleman tè se yon menas danje

Ki fè glann adrenal ki sou ren yo bay plis kòtizòl.



Lè twòp kòtizòl rete twò lontan nan kò w,se danje:

Li aji tankou yon pwazon envizib ki atake venn ou.

Konsekans:

Lè san an mal pou rive nan sèvo w, ou ka fè strok;

Lè san an pa rive alè nan kè w, ou ka fè kriz kadyak ;

Lè san an mal sikile bò tanp ou, kote ipokanp sèvo a

Anrejistre sa moun aprann, ou ka gen pann memwa.

Strès ka ogmante ni tansyon, ni sik, ni kolestewòl.



Pouki sa li enpòtan ke nou raple w verite sa yo?

Paske se ou menm ki premye responsab sante w

Lè ou soufri strès e se ou ki pi byen plase pou

Ofri tèt ou kèk ti moman detant ak relaksasyon.

Repo lespri se gwo medikaman pou konbat strès.



Deplis, sante chak Ayisyen nesesè pou ede Ayiti

Jwenn sante politik, sante ekonomik, sante sosyal.

Se egzakteman lekontrè pou laboratwa kolon yo ki

Toujou ap programe konfli, manti, mizè, grangou,

Vye maladi, eleksyon-seleksyon ou kolera politik

Pou malere pa gen la pè nan tèt ak lapè nan vant.



Gade epidemi kolera a; pouki sa se kounye a menm

Li debake ak sèkèy anba bra l, apre plis ke yon syèk?

Si epidemi an gen fòs pou fè 500 a 650 mil viktim,

Nou oblije kontinye fè lespri n travay pou bloke l

Anvan twòp tè nan peyi a fin tounen simityè kadav.



Travay doktè, enfimyè, oksilyè, pwofesyonèl sante yo,

Konkou Ayisyen ki aletranje, kontribisyon jounalis,

Radyo, televizyon, nesesèsè anpil pou konbat kolera a.

Sepandan, pi gwo responsabilite a chita nan men Leta.



Leta ayisyen gen obligasyon pou bay viktim 12 janvye yo

Kay pou yo ka sispann viv nan labou, nan lari, nan fatra,

Anba vye moso tant, moso twal, moso ranyon, moso prela.

Sa te dwe fèt e sa te ka fèt tou swit apre tranbleman tè a.

Sak manke, se pa lajan, se diyite ak bon jan volonte politik.



Leta ayisyen gen obligasyon pou bay viktim yo posiblite

Jwenn dlo pwòp pou yo sispann bwè dlo sal ki bay kolera.

Ayiti chita erezman sou 56 milya mèt kib dlo ki anba tè a.

Sak manke, se pa lajan, se diyite ak bon jan volonte politik.



Lè Ayiti plis bezwen kout men, se lè li jwenn plis kout pye

Ni nan men yon leta ki trayi li, ni nan men fo zanmi fo kòl

Ki monte chita sou do Ayiti pou fè lajan sou do Ayisyen.



Chak katastwòf tounen yon gwo biznis

Ki rapòte plizyè milyon lè se pa milya.

Men malere ki deja viktim kolera politik

Lage de bra pandye anfas epidemi an.



Twòp milyon milya ranmase sou do Ayiti

Pou jiskaprezan malere pa menm ka achte

Yon ti klowòs pou touye mikwòb kolera

Nan dlo kontamine yo kontinye ap bwè.



Chak jou, dlo kontamine nan divès peyi

Touye 1.800.000 ti moun ki poko gen 5 an.

Chak 20 segonn, m di byen, chak 20 segonn,

Dlo kontamine touye yon timoun sou latè.



Lakay, anplis tout moun zam Minista deja touye,

Se atò dlo kontamine Minista pral touye inosan.

Alòs ke disparisyon Lowensky, lanmò Pè Jean Juste

Ak anpil lòt inosan fèt anba je n, l ap trè difisil pou

Konte tout viktim kolera k ap tonbe nan pwovens yo.



Mezanmi,

Pèmèt mwen adapte pawòl laten filozòf Cicéron an

Pou m poze Minista yon kesyon ki konsène diyite n:

“Quousque tandem abutere, Minista, patientia nostra?”

Jiskilè, Minista, w ap sispann pase pasyans nou anba pye?



Nan sèlman yon ventèn ane apre 1492 ki se

Dat premye kolon yo te debake nan peyi a,

Nou te deja pèdi 96.000 Sè n - Frè n Taynos.

An natandan Minista pati, konbyen inosan

Konbyen jèn gason, jèn fi ki dwe pral mouri?



Obligasyon nou tout genyen, se kole zèpòl pou

Nou rive elimine kolera a e non viktim kolera a.

Pou konbat opinyon Pèp la, Minista pa gen dwa

Itilize ni vyolans zam ni Argumentum ad baculum.



Lè Pèp la di e redi: “Minista se kolera”,

Li bay diagnostik pa l ki se verite pa l.

Lè l repete san rete: “Minista se kolera,”

Li bay diagnostik pa l ki se verite pa l.



Lè Minista reyaji ak gwo zam pou touye

Moun ou libète lapawòl, li fè yon krim e

Li itilize yon Argumentum ad baculum

Olye li chwazi wout larezon ak lalwa.







Reyaksyon vyolans sa yo pa gen plas nan

Ankenn peyi lib ou sosyete demokratik,

Menm si nou wè sa ap fèt bò lakay nou,

Nan yon Ayiti ki rekolonize depi 2004,

Wi, yon Ayiti kote la gramè popilè a di:

Le cholera ou la Minista, sè le mèm choz.



Sè m. Frè m,

Sa mennen n, pou fini, nan

Yon pwezi popilè ki rele:

“ LE MEM CHOZ.”



Nou dedye l pou Zansèt yo

Ak pou Jenès la ki, to ou ta,

Pra l fè Ayiti reprann diyite l.



Le mèm choz



Depi jou koudeta kidnaping 29 fevriye 2004 la,

Tousen Louvèti move, Jan Jak Desalin fache.

Men, chef konze bò lakay ak esklav mantal yo

Kontan bese tèt jiska tè pou di: yès sèr! Avozòd!



Tank Tousen Louvèti friz nan fè move san,

Se tank Jan Jak Desalin frape pye l atè pou di:

Ayayay! Si pat gen koudeta-kidnaping 2004,

Jodia, nou pa tap nan ni kolon ki bay kolera,

Ni eleksyon-seleksyon ki bay kolera politik.



Sepandan, konze ak esklav mantal bò lakay

Toujou byen relaks paske afè diyite peyi a,

Se bliye sa antere sa pou fè kòb nan trayizon.



Dayè depi koudeta kidnaping 29 fevriye 2004 la,

Konze bò lakay pa gen dwa nan fache, fè kòlè

Lè se kolon blan an ki di: agoch, adwat, ajenou…

Se pou sa menm, senatè sousou ak depite restavèk

Ki pa swete wè aksidan diplomatik, pwopoze pou:

Prezidan ta fè kòlè krapo

Premye minis ta fè kòlè chat

Minis ta fè kòlè ra, raman.



Yon kolon blan ki tande

Pawòl sa a di: Ki sa?

Minis ta fè kòlè ra, raman,

Ou byen

Minista fè kolera?



Yon blan mannan reponn:

A! A! Sè le mèm choz.

Pwen ba ! Pwen final !



Sè m, Frè m,

M sèten ni ou ni Minouche,

Ni mwen, nou tout ta swete

Rankontre lakay an 2011 la,

Pou ansanm, nou kontinye

Wouze peyi a ak lanmou

Ki bay anpil anpil kouraj

Pou n soti nan le mem choz.



Se ak lespri sa a nou anbrase

Tout ti moun yo e n redi w:

Bon kouraj! Mèm Amou!



Dr Jean-Bertrand Aristide

Pretoria, Desanm 2011