Sunday, July 22, 2007

Father Gerard Jean-Juste's newsletter Konpatriyot, July 15, 2007

Photo by Evens Sanon (copyright)

Konpatriyòt #27 15 jiyè 2007 Konpatriyòt #27

"Konpatriyòt, ARISTIDE MUST COME BACK! TITID DWE TOUNEN! Li fè 2 zè 15 minit e 15 segond dimaten lè mkòmanse ekri bilten sa a soti samdi swa rive dimanchmaten 15 jiyè 2007. Mwen an reta nèt. Aprè plizyèaktivite òganize pou jistis alega ansyen PrezidanJean-Bertrand Aristide, mwen esoufle, bouke menm. Kòm nou te anonse pwogram yo nan Konpatriyòt #26,bò pa nou nan Ti Ayiti Miami, pwogram lan respekte.Konferans pou laprès te reyalize. Sou panèl la (tabkonferans lan) te gen Atis Farah Juste, reprezantanFanmiy Lavalas; Jack Lieberman (li bè mann),reprezantan Haiti Solidarity; Lavarice Gaudin,Pòtpawòl Veye-Yo; E mwenmenm sèvitè nou, NJera NJeriJan-Jis, Kire Sent Klè an konje maladi. Chak panelissa yo te devlope yon pwen patikilye konsènan retouPrezidan Titid. Farah esplike divès fason Branch Fanmi Lavalas nanMiami ap pote kole. Jack adrese sipò gwoup pwogresismeriken ka bay. Lavarice pale kijan Veye-Yo antannmennen demach pou arive a Retou Titid nan tan kanpayelektoral sa a Ozetazini. Mwen adrese kote solidariteak Pèp demokrat Sidafriken yo..."
TO RECEIVE THIS BULLETIN, contact Father Gérard Jean-Juste at njeranjeri@yahoo.com